“Lang kreyòl, zouti rezistans pèp ayisyen” se anba tèm sa Akademi kreyòl ayisyen (AKA) an klotire ayè lendi 28 oktòb 2024 la mwa lang ak kilti kreyòl oktòb 2024 la nan otèl Mariott. Yon evènman ki kowenside tou ak jounen selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl la.
Akademi kreyòl ayisyen an atravè sekretè egzekitif li a Samuel Jean Baptiste, te pwofite moman sa pou li adrese l ak jenès ayisyen an k ap viv depi yon bon bout tan yon sitiyasyon ki difisil anpil. Li te kontinye poul raple yo pou yo pa dekouraje.
“Nou se prezan peyi a, egzistans li, avni li. Moman rive pou nou pran responsablite nou menm jan ak zansèt nou yo. Youn nan zam yo te kreye pou reziste anba destriksyon ak esklavajis se te lang kreyòl la ki te pèmèt youn konprann lòt, youn sanble ak lòt”, te deklare Samuel Jean Baptiste nan okazyon sila
Yon lot bò, nan kad aktivite sa, akademisyen Fritz Deshommes te voye yon salitasyon espesyal ak tout patisipan ki te reponn prezan e ki te rann evènman an vivan. Li te pwofite okazyon an tou poul te rann omaj ak kèk akademisyen parèy li ki mouri ak lòt ki oblije kite peyi a lakoz agresyon ak menas yo te sibi. Daprè li, moun sa yo te reprezante yon poto mitan nan AKA.
Nan diskou li te pataje ak piblik la, akademisyen an te pran angajman poul reklame reparasyon ak restitisyon pou peyi Ayiti apati mo sa yo « peyi a ap reklame restitisyon tout gwo lajan grann pwisans yo te fè l peye anba gwo menas. Nou mande reparasyon pou tout abi, enjistis tout eksplwatasyon zansèt nou yo te sibi »
Toujou nan diskou li pwofesè Fritz Deshommes deklare : « nan kad revandikasyon kilti, lang ak idantite, nou deja rantre byen fon nan batay reparayson peyi a ».
Pi lwen nan aktivite a, Miguel Fleury Jean ki te reprezante ministè kilti ak ministè levasyon te souliye lang kreyòl la se zouti pa nou pou di aba ak tout fòm soufrans kèlkeswa pèp ka andire sou latè.
Li te kontinye pou li make kèk pwen poul fè konprann kisa valorize lang kreyòl la vle.
1- fòk nou konprann Lang lan
2- fòk nou konprann peyi a
3-fòk nou konprann kilti a
4- ankouraje pwodiksyon ki gen kalite nan lang kreyòl la
5- Plis fòmasyon pou pwofesè kreyòl k ap anseye kreyòl nan tout nivo nan lekòl ak nan inivèsite.
Nan okazyon selebrasyon sa, chantèz Renette Désir te chante im nasyonal ayisyen an, li te chame piblik la ak vwa li pandan li te entèprete tou youn nan mizik li yo ki make sektè mizikal la nan peyi a ki se “Yanvalou”. Anpil lòt jèn talan te manifeste prezans yo nan yon seri aktivite ki te mete kilti ayisyen an, nan yon pi wo nivo.
N ap raple tou chak ane mwa oktòb se mwa divès peyi chwazi pou selebre lang ak kilti kreyòl la paske Lang kreyòl la pale nan prèske plis pase 20 peyi nan monn lan. Se yon inisyativ Sechèl ak Ladominik te pran pou ede nasyon kreyolofòn yo rete konekte ak richès epi enpòtans lang manman an.
N ap souliye pou ou tou ane 2024 la make 10 lane depi Akademi kreyòl ayisyen an (AKA) te kreye. Soti 1983 pou rive 2024, lang kreyòl la gen egzakteman 41 lane depi l ap selebre nan milye kreyolofòn yo.
Gerole Midy/Chokarella