« Ayiti, Avni ou Bèl », yon nouvo konkou desen Brizz ap òganize 

Nan lide pou envite jèn yo eksprime kreyativite yo ak vizyon yo de yon Ayiti k pi bèl, Brizz lanse yon nouvo konkou desen ki gen pou tit « Ayiti, Avni w bèl ». Ak konkou sa a, konpayi a vle ankouraje angajman sitwayen lakay plis sitwayen ak za ak lakilti, pandan l ap itilize talan yo pou l montre enpòtans pou n kontinye reve de yon pi bon Ayiti.

Dapre yon piblikasyon ki fèt sou kont enstagram Brizz la, patisipan yo ap gen libète pou ekspoze vizyon yo jan yo vle fè sa. Selon òganizatè yo, objektif konkou a se bay patisipan yo posibilite pou yo « desine vizyon yo de yon avni ki pi bèl pou Ayiti ! Kit se yon avni vèt, ekolojik, vil k ap pwospere, oswa kominote k ap devlope, pou yo montre yo Ayiti yo reve a, kote Brizz fè pati de vwayaj pou demen miyò a. Pou yo kite kreyativite yo eksprime lanmou yo ak espwa yo genyen pou peyi yo.

Kidonk, yon moun k ap patisipe ap ka fè sa ak yon desen ki reprezante yon Ayiti vèt, kèk kominote kote kè kontan ap taye banda, kote solidarite rete oubyen nenpòt jan yo ta ka montre yon vizyon pozitif de Ayiti, kote se yon peyi ki sou wout chanjman an ; sou chimen devlopman an. Brizz vle pèmèt ou eksprime lanmou ak lespwa w san kontrent.

Men diferan etap yon moun dwe swiv pou l ka patisipe :

 1) Swiv paj Instagram Brizz la : @brizz_cbc

2) Kreye yon desen ki enspire yon avni ki pi bèl pou Ayiti!

3) Voye foto oswa yon video de pwosesis travay ou

4) Eksplike enspirasyon ki deyè konsepsyon an.

5) Soumèt travay ou pa imèl bay brizzmango@gmail.com nan foma

JPG, PNG, PDF.

Desen y ap aksepte, se sa k fèt ak kreyon, ak penti akwarèl oubyen desen dijital. Ekip la te pran leswen pou notifye ke yo pa p aksepte okenn desen entèlijans atifisyèl (AI). Dat limit pou tout moun bay desen yo se 30 oktòb. Kòm prim, moun ki rive rekòlte plis like la ap gen 300 USD, dezyèm nan ap genyen 200 USD epi twazyèm nan ap jwenn 100 USD.

Konpayi Brizz wè konkou sa kòm yon vitrin pou kreyativite, kote jèn talan yo ka fè wè talan yo pandan y ap mete rèv yo pou yon pi bon Ayiti devan. Chak grenn zèv yo ap gen posibilite enspire plizyè milye moun ak montre ke yon lòt Ayiti posib.

Par Peterson Dorsainvil/Chokarella

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.