BIC Tizon Dife : 25 prestasyon nan 25 inivèsite pou 25 lane karyè

Ane 2025 lan ap fè ekzakteman 25 lane depi Roosevelt Saillant, moun plis konnen sou non BIC, te lanse karyè l. Nan okazyon espesyal sa a, atis la konte bay 25 prestasyon nan 25 inivèsite diferan, keseswa isit kou aletranje. Pou premye sezon an, atis la pataje lis 8 premye inivèsite l ap gen pou l pèfòme yo.

« Pou 25yèm ane karyè m, m ap fè 25 prestasyon nan 25 inivésite. Men premye SEZON an. Si w pa we inivesite pa w la la a, veye 2yem sezon an », se sa n ka li nan yon piblikasyon BIC fè sou Facebook ki akonpanye de afich ki gen lis 8 inivèsite l ap jwe pou premye sezon an.

École Supérieure Catholique De Droit De Jérémie, 17 janvye ; Université de Montréal, 7 fevriye ; MIT (Massachusetts Institut Of Technology), 16 mars ; Virginia Wesleyan University, 21 mars ; University Of St Martin, 18 mai ; Université Quisqueya, 21 juin ; Florida International University, 16 jiyè ak Duke University, 19 septanm. Se premye lis inivèsite a. N ap konn kèk lòt nan sezon 2 a.

BIC Tizon Dife, se yon atis ayisyen ki rive bati yon repitasyon solid avèk ta an e ki mache jwe nan divès kwen sou planèt la. Ak tèks li, yon  melanj son lokal ak tèks angaje, li toujou mete mizik li o sèvis de Ayiti. Li te kòmanse karyè l nan lane 2000 ak gwoup Flex. Yon ti tan apre, li ta pral fonde gwoup BIC (Brain -Intelligence-Creativity), avèk John Mogène. Ak gwoup sa a, li ta pral soti albòm « Wow » an 2005 ak « Plus loin » nan lane 2008. 2 lane apre dezyèm albòm nan, an 2010, li ta pral antame yon karyè solo epi fonde labèl li « Tizon Dife Record’s ». Se la n pral jwenn non « BIC Tizon Dife » a.

An solo, Tizon Dife a kontinye pale de pwoblèm sosyal, politik, ak kiltirèl nan sosyete ayisyèn nan, pandan l ap kontinye preche lanmou. Pandan 15 ane karyè solo sa a, l ofri piblik la 6 lòt albòm. Anplis mizik, BIC angaje l anpil nan pwomosyon kilti ak lang kreyòl. Li patisipe nan konferans ak kanpay sansibilizasyon sou edikasyon ak dwa moun nan divès peyi nan mond lan epi l se anbasadè Federasyon Baskèt Ayisyen an ak Frankofoni an Ayiti, pou n site sa yo sèlman. N ap note tou ke l pran plizyè distenksyon nan karyè l, pami yo, « Lauréat du programme Visas pour la création de l’Institut Français ».

Par Peterson Dorsainvil/Chokarella

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.