San nou pa bezwen ale twò lwen, jwenn yon definisyon nan lang kreyòl la pou eksprime vizyon ak pèsepsyon MOUN AYISYEN an de sa ki rele teyat la, poze yon gwo pwoblèm nan milye kiltirèl ak entelektyèl peyi a. Kidonk, sa lakoz pèsonn pa gen lejitimite pou defini kiyès k ap fè teyat, ni kiyès ki konn fè teyat, epi tou pou ki piblik li dwe fèt.
Abòde pwoblematik teyat ayisyen an oblije nou retounen nan peryòd apre lagè lendepandans lan, kote literati lakay la te kòmanse boujonnen. Istoryen literè yo batize epòk sa ” période des pionniers”. Juste Chanlatte ak Jules Solime Milscent se 2 premye non nou sonje ki te lanse yo nan ekriti fòm ekspresyon sa. Nan lane 1817 ak 1820, yo te fè 2 reprezantasyon: NEHRI ak Le Philosophe-physicien. Si premye a t ap fè djòlè pou kal sòlda endijèn yo te bay lame Nappoléon an, dezyèm lan t ap denonse sipèstisyon nan sosyete a. Se te yon teyat elitis ak yon teyat imitasyon. Yon kote se te yon ti gwoup moun sivilize ki tap ri eksplwa ak defo mas pèp la; yon lòt bò, fòm kreyasyon an pa te detache de modèl franse a. Dayè, pandan peryòd sa epi menm apre tou, pifò kreyasyon atistik yo te kontinye sanble tèt koupe ak pwodiksyon lafrans yo. Toujou menm fòm lan, menm lang franse a, menm mòd piblik la tou.
Se apati lane 1930, lè Jean Price Mars te fin pibliye bib mouvman endijenis lan ” ainsi parla l’oncle”, dinamik ekriti teyat la ta pral plizoumen kase. Félix Morisseau-Leroy ( plaidoyer pour un théatre populaire 1955) ak Franck Fouché ( essai Vodou et théatre populaire 1976) te enspire de kouran sa pou te pwopoze yon teyat ayisyen, nan ki non sèlman ta pral fèt nan lang kreyòl, soti nan matris pèp la, men tou fèt pou pèp la. Se pa san rezon, Morisseau-Leroy te gen yon gwoup aktè ki te konn mache al jwe pou piblik peyizan an. Travay sa te pèmèt entegrasyon lòt fòm ekspresyon popilè yo tankou lodyans ak lòt estil dans vodou nan reprezantasyon pyès teyat yo.
Depi 1804 jouk jounen jodi, peyi a konnen anpil aktè ak ekriven pyès teyat. Men eske toutbonvre gen yon teyat ayisyen?
Rale mennen vini sa pouse nou mande tèt nou poukisa pa gen yon lekòl teyat ayisyen nan peyi a? Poukisa pa gen yon akademi teyat ayisyen? Poukisa pa gen yon teyat ki fè sentèz mond peyizan ak mond lavil la? Poukisa peyizan an ki souvan reprezante twal fon pyès teyat yo, pa janm rive gen chans dekouvri yon aktè lavil k ap imite ekspresyon l yo? Bò isit, depi kèk tan, se teyat ONG ak teyat anbasad k ap taye banda. Chaje teyatman k ap akize leta poutèt estrikti li pa mete, men eske yo menm yo pwopoze yon teyat orijinal, ki kapab rasanble plizyè kategori moun tou ? Sa n ap viv depi kèk tan, se yon teyat bout bout. Yon teyat pyès pa pyès. Kèk gwoup ki defini kilè teyat teyat. Epi nan ki jewografi li dwe fèt pou l teyat. Pa egzanp, Jesifra Lestomak pa te janm fè teyat nan lavi l. Aloske, si gen yon twoup ki te kouvri tout peyi a yon epòk, li pa lòt ke twoup Jesifra. Gen plizyè lòt egzanp nou te kapab pran pou apwofondi pwoblematik sa.
Teyat kòm zouti pou edike, sansibilize moun, dwe enklizif. Jounen mondyal la se yon okazyon pou nou reflechi sou kijan nou kapab elabore teyat ayisyen an, kijan pwodiksyon an kapab atire lòt envestisman, epi rasanble plis moun ak plizyè lòt kategori. Yon teyat otonòm se yon teyat ki rasanble fòm ekspresyon pèp ki akouche l la, epi ki pèmèt aktè ak ekriven yo viv de zèv yo.